ISTWA NOU
Hamashiah Complexe soti nan yon vizyon ki te pran nesans nan dat 11 pou rive 12 jen 2025.
Se te yon ide senp, men ak yon gwo objektif : kreye yon espas ki ka reponn ak bezwen chak jou moun yo.
👉 Okòmansman, antrepriz la te lanse kòm Hamashiah Multiservice, ak sèvis finans tankou prè ak depo lajan.
Avèk tan, vizyon an grandi, epi li bay nesans ak Hamashiah Complexe, yon estrikti ki pi laj ak plis sèvis.
👉 Jodi a, nou ap konstwi yon espas ki rasanble plizyè solisyon nan yon sèl kote pou fasilite lavi kliyan nou yo.
MISYON NOU
Misyon nou se bay sèvis ak pwodwi ki itil, aksesib ak serye pou tout kliyan nou yo.
Nou vle rann lavi moun pi fasil atravè solisyon pratik nan domèn komès, sèvis ak teknoloji.
👉 Nou travay chak jou pou ofri yon eksperyans ki baze sou :
- konfyans
- kalite
- efikasite
VIZYON NOU
Nou vle vin yon referans nan sèvis multisektoryèl an Ayiti, epi devlope yon platfòm modèn ki konekte kliyan lokal ak diaspora.
👉 Objektif nou se :
- devlope e-commerce
- fasilite transfè manje ak sèvis
- bati yon rezo antreprenè solid
👉 À long terme, Hamashiah Complexe vise créer une plateforme moderne, fiable et accessible à tous.
SA KI FÈ DIFERANS NOU
01.
✔️ Plizyè sèvis nan yon sèl kote
02.
✔️ Sèvis rapid ak serye
03.
✔️ Pri aksesib pou tout moun
04.
✔️ Solisyon pou kliyan lokal ak diaspora
05.
✔️ Angajman pou devlopman kominote a
ANGAGEMENT
Nou pa sèlman yon biznis.
Nou se yon patnè pou kliyan nou yo, yon sipò pou fanmi yo, epi yon motè pou devlopman ekonomik.
Nou kwè nan kapasite antreprenè ayisyen yo, e nou angaje nou pou ede yo grandi.
OBJECTIF LONG TERME
Hamashiah Complexe gen objektif pou konstwi yon kominote ki gen plis pase 1000 antreprenè, kote fòmasyon ak opòtinite envestisman ap disponib.
👉 Nou vle kreye yon jenerasyon antreprenè ki pa sèlman dirije biznis, men ki vin envestisè tou.
